Bon Me recipe pou fe legume
ingredients:
Vian Bef ou kenpot vian ou vle
Fey
Carrot
militon 4 ou 5
berejen 1 ou 2
chou 1
Sitron ou zoranj si 1 or 2
Magie 1 ou 2
Laj yon to pake
Poyo 1 ou 2
Pat tomat
Luil
1. Mete dlo boui pou kab shode vian lan
2 wap lave vian ak zorang si ou sitron, retire tou vie gres ladan
3 shode vian nan, sa vle di pasel nan dlo cho
4 pile epis oubien blenndel.
5 kale carrot yo
6 rinse fey yo
7 kale militon yo
8 kale berejen yo
Melanje
wap mete epis lan nan vian lan bwasel
mete magi
mete yon ti sel. pa trop
mete lot kalite seasons ladan pou bali gou.
Melanje melanje melanje
Mete chodie ou cho
mete yon ti luil
koul cho mete vian lan nan chodie a kouvril pou 2-3 minute konsa pou epis la ka rantre ladan
pran tout viv ke ou te kale yo: chou a, militon an, carrot lan, fey yo, berejen lan, mete tou nan menm chodia vian nan avek yon ti gode dlo landan.
Bien toufel pou gis li kuit.
Le ke ou we tout vian e tou lot viv you kuit, wap retire viv yo, kite vian nan sou rechoa
koulya wapral fe vian nan pran koule
pran yon ti pat tomat mete yon ti dlo ladan bat li bien bat.
recho anba vian nan so low ou medium.
tanzantan wap vide ti dlo pat tomat la a kote chodie a epi bwase vian nan. bay yon bon ti koule
Anatandan pran lot viv yo melanje yo, poko nan vian nan non, bat tout ansanm
pa konsi yon ber men melanje yo bien melanje bat yo.
le ke ou fin bay vian nan koule, ou fin bat lot viv you ansanm
wap mixe ni vian ni viv ansanm bwase you tout
goute pou we sil gen bon gou, mete si be jonn nan (li rele ) Lili butter
epi nan 5-10 minute me legume..
GOOD-LUCK
Reply to Msg 3260
Topic: How To Make Legume
Posted by Fatima
on 2/17/09 5:23 PM
REPLY to Fatima
START a New Topic
< Previous Topic | Topic List | Recent Posts | Archives | Next Topic >